Maryaj Prensès Dubravka ( Sè Duk Boemyen an ki se Boleslav l ) ak Mieszko, ki te batize nan okazyon an epi pran tit Prens Lapolòy. Prens Mieszko ak pèp li a konvèti nan relijyon Krisyanis. Konvèsyon Mieszko nan Rit Laten an lakòz Lapolòy antre an kontak andeyò peyi a. Mieszko voye pitit gason l’ Lambert, fiti Mieszko ll fèmen nan yon monastè Italyen, Boleslav fè vini nan peyi Lapolòy kèk Relijye Italyen bò kote Alman yo. Politik matrimonyal la make evolisyon mantalite yo: Boleslav te gen youn dèyè lòt 2 madanm Alman epi marye pitit fi l’ yo ak yon Prens nan Kyèv ( Kapital peyi Ykrèn ) ek Yon Prens ki soti nan Anpi Women Jèmanik la. Pitit fi Mieszko a marye ak yon Wa nan peyi Lasyèd epi Nòvèj, ki vini manman Knut Le Grand, Wa peyi Danmak ak Angletè.
Anperè Otto lll rekonèt Wayote Prens Boleslav Levayan, pandan kongrè Gniezno. Kreyasyon premye Acheveche Polonè a nan Griesno ki gen otorite sou episkopal yo nan Kolobrzeg, Wroclaw ak Krakovi.
Twazyèm envazyon Tatar yo.
10 Fevriye nan Krakovi: maryaj Elizabeth de Habsbourg pèmèt linyon Lapolòy-Lityani ak Repiblik Tchèk-Laongri. Elizabeth manman sis pitit gason ak sèt pitit fi, te gen ti non jwèt li manman Wa yo: (Kat nan pitit gason l’ yo te Wa vrèman). Soulèvman jeneral nan Lapris kont dominasyon lòd teutonik yo. Sou demann reprezantan Leta yo, lapris enkòpore nan Lapolòy. Kòmansman yon lagè ki dire trèz lane kont Lòd teutonik yo jouk nan lane 1466. Nan mwa Novanm, premye etap nan direksyon pou transfòmasyon nan Lapolòy nan Oligachi (Nòb demokrasi).
Linyon Lublin: Kreyasyon la Rzeczpospolita ( Federasyon Wayòm Polonè ak Gran Diche Lityanyen an). Lapolòy anekse Ikrèn jiska riv dwat la nan Dniepr ki te fè pati Gran Diche a nan Lityani.
Revòl Tadeusz Kościuszko kont kopatajan yo.
Polonè yo “ Etnik” te anviron 16 milyon swa 9 milyon nan Polòy-Larisi, 4 milyon nan Otrich Galisia ak 3 milyon nan teritwa Prisyen Grand Polòy (Posnanie) ak Silesye. Sou menm teritwa sa yo, popilasyon jwif la te gen apeprè 9 milyon moun. Yon milyon imigran t’ap viv nan peyi Larisi, Almay, Angletè, Lafrans ak Etazini. Vasovi te gen 700 mil moun epi Lodz 300 mil ( Tou de vil sa yo se nan peyi Lapolòy yo ye).
Polonè yo okipe vil Kyèv, kont-ofansif lame Wouj repilsif la pandan batay Vasovi a, kont ofansif Polonè nan pati Lès la kont Larisi; Gè sa a lakòz popilasyon jwif la sibi divès vyolasyon . 15 Novanm : Pwoklamasyon endepandans nan Vil Dantzig lib. Koridò Dantzig rete pou Lapolòy.
Nan dat 11 Janvye, Lame Wouj kite gen nan tèt li Jeneral Constantin Rokossovski antre nan vil Varsovie li jwenn li detwi nèt. Ant mwat Sektanm 1939 pou rive mwa Me 1945, plis pase 6 milyon Polonè jwenn lanmò yo, ladan yo te gen 3 milyon Jwif. Wayòm Ini sispann rekonèt egzistans gouvènman polonè a ki te an egzil. Anders, lame li a ak lòt inite nan lame Polonè a ki t’ap batay sou kòmandman Britanik la dezète. Gouvènman Britanik la otorize sòlda yo rete sou teritwa Anglè a, apre yo te jwenn envitasyon pou retounen nan peyi Lapolòy men yo pat gen dwa pou yo patisipe nan defile pou viktwa apre lagè a.
Kreyasyon pati ouvriye Polonè inifye ( PZPR )
"Non possumus" Episkopal Polonè a pèdi dwa pouvwa li, Kadinal Wyszyński jwenn arestasyon l’ epi plase l’ sou rezidans siveye nan yon kouvan ki tou pre fontyè Sovyetik la rive jouk nan lane 1954.
Ouvriye nan Poznan yo revòlte, Wladyslaw Gomulka vini premye sekretè pati a epi pran pouvwa a. ‘’ Ti revolisyon an’’ mete sou do Jwif yo tout erè rejim pwo-Sovyetik la ki tounen yon boukemisè epi pouse nan yon nouvo egzòd.
Rete sèlman 35 mil moun ki gen orijin jwif depi yo fèt, ki konvèti oubyen ki vin Jwif apre yon maryaj melanje. Men nan lane 1956 sa pat anpeche Wladyslaw Gomulka lanse yon nouvo operasyon ‘’anti-semit’’.
Revizyon konstitisyon an pou resere lyen zanmitay ak Linyon Sovyetik.
Karol Wojtyla eli kòm pap sou non Jean-Paul ll.
Jeneral Wojciech Jaruzelski dekrete leta de syèj (Stan Wojenny) nan mwa desanm. Yo mete Lech Walęsa an rezidans siveye. Li pat pou kòl paske arestasyon rezidans siveye te pouswiv jouk nan lane 1989.
Gouvènman pati PZPR a rankontre ak Opozisyon an.
Premye envazyon Tatare yo (mongole) nan Sid peyi Lapolòy.Pandan pasaj yo yo touye anpil moun nan Krakovi epi kite tradisyon hejnal ak lajkonik pou moun ki rete yo. Nan batay Liegnitz ( Legnica ), Mongòl yo te masakre chevalye Alman ak Polonè yo pyès pa pyès epi apre yo atake peyi Laongri.
Inyon Krewo ant Gran Diche peyi Lityani ak Wayòm peyi Lapolòy nan yon alyans nan Jagellon ( Jagieᴌᴌo an Polonè, Jogaila an Lityani) ak Jadwiga, erityè kouròn polonè a. Gran Dik peyi Lityani a konvèti nan relijyon Krisyanis Katolik. Apre konvèsyon sa Leta monastik chevalye teutonik yo vin lènmi an komen nan tou de Eta sa yo (Lagè nan Wayòm Lapolòy-Lityani kont lòd teutonik yo.
19 Oktòb, Lòd teutonik yo mande lapè nan Torun, yo te fatige akoz de gè a: Gdansk (Danzig) ak Lapris te tonbe sou nominasyon Lapolòy. Teritwa ki rete nan Lòd la yo vin tounen fyèf kouròn Polonè a.
Viktwa Kahlenberg ll fas ak Tirk yo. Jean lll Sobieski rejte gran Vizir la Kara Mustafa, ki asieje nan Vil Vyèn ak 180 mil òm. Entèvansyon sa sove monachi Habsbourg la epi sispann ekspansyon Lislam. Sa a se kòmansman ogmantasyon pouvwa Otrichyen epi retrè lanpi Ottoman nan an Ewòp.
Twazyèm pataj peyi Lapolòy ant Larisi, Otrich ak Lapris. Lapolòy disparèt sou kat jeyografik la pandan 123 zan.
Patisipasyon Polonè yo nan revolisyonki te fèt nan peyi Larisi nan lane 1905. Henryk Sienkiewicz jwenn pri Nobèl Literati. Nan diskou li te bay pandan li t’ap resevwa pri sa a, li te dedye siksè sa a ak peyi li ki se Lapolòy: “ Li te deklare Inekziztan- Men prèv ke li vivan. Li te deklare enkapab nan panse oswa pale- Men prèv ke li se manti. Li te deklare venki – Men prèv ke li pot laviktwa.”
Premye Sektanm, twazyèm Reich la anvayi Lapolòy san l’ pa deklare l’ lagè. Lame Polonè a defann tèt byen epi reziste pandan 15 jou fas ak siperyorite taktik ak materyèl Wehrmacht, men nan dat 17 Sektanm,apre yon akò ki te genyen ant Staline ak Ribbentrop, Linyon Sovietik anvayi Lapolòy tou. Nan lane 1944, Nazi yo detwi Vasovi (Powstanie Warszawkie). Apre 2 mwa konba (63 jou) ki soti nan mwa Out pou rive Oktòk. Vil la detwi a 95 pousan. Popilasyon an masakre oswa depòte. L’ ‘’Armia Krajowa’’ (Lame enteryè anti kominis) te febli anpil. 2 san mil Polonè te mouri pandan batay la, ki gen ladanl 180 mil sivil. 1945 fen lagè a epi konferans Nan Yalta, ki pwomèt eleksyon lib nan peyi Lapolòy.
Nan dat Jiyè, apre yon akizasyon ki pote non ‘’ krim rityèl’’ ki tonbe sou do Jwif yo, plis pase 100 mil ladan yo kite Lapolòy, genyen ladan yo ki ale nan peyi Lafrans. Jwif ki rete yo pi fò ladan yo rete nan peyi ki pwòch sistèm kominis la epi plase espwa yo nan Repiblki popilè Sovyetik yo te empoze. Genyen nan yo k’ap sèvi nouvo rejim nan e yo te patisipe nan mete sistèm kanpe.
Wladyslaw Gomulka jwenn arestasyon l’.
Wladyslaw Gomulka jwenn liberasyon l’.
Jacek Kuroń ak Karol Modzelewski voye yon lèt tou louvri bay pati a; nan mwa Jiyè 1965 yo kondane ansanm ak Kazimierz Badowski , Hass pou pase 3 zan edmi nan prizon.
Edityan pwo-antisemit yo fè manifestasyon, dènye trantèn mil Jwif ki te rete yo kite peyi a definitivman anpil ladan yo ale viv nan peyi eskandinav yo.
Travayè yo revòlte, kreyasyon Komite pou defans travayè ( KOR ).
Nan mwa Jiyè grèv jeneral nan vil Lublin, pou gen amelyorasyon sosyal ak plis demokrasi. Nan mwa Dawou grèv yo prolonje. Fen Dawou kreyasyon pati Solidarność nan mwa dawou gen yon akò ki siyen nan vil Gdansk ki otorize premye sendika lib.
Lech Walęsa vini Pri Nobèl Lapè.
Dik Conrad l nan Mazovi a mande asistans nan men Chevalye Jèmanik yo pou batay kont Prisyen yo, epi ba yo kote pou yo rete nan anba Vistyl.
Kòmansman vwayaj Chevalye Tetonik (An Polonè KrzyŻacy ) yo nan Prys. Yo masakre abbitan yo epi Jèmanize peyi a.
Wiltold ak Ladislas Jagellon genyen batay Grunwald la kont chevalye teutonik yo.
Piblikasyon Revolutionibus Orbium Coelestium la (Revolisyon esfè selès yo) Sa a se travay Astronòm ki rele Nicolas Copernic, premye ekspoze modèn sou sistèm elyosantrik.
Premye pataj peyi Lapolò ant Larisi, Otrich ak Lapris. Popilasyon jwif la rive nan demi milyon moun, swa 4 pousan nan popilasyon Rzeczpospolita a, ki te estime a 12 milyon, yo te lye ak Wa a sou sèman fidelite, depi plis pase yon syèk, yo benefisye yon estati de pwotektè. Yo fòme le kahal (“ kominote a”), chak group lokal gen yon konsèy notab ak yon raben k’ap dirije yo. Konsèy 4 peyi ki te lejislatif pou zafè entèn yo.
Lame Polonè a ki te gen nan tèt li Jean-Henri Dombrowski (gade Lejyon italik la) yo mete o sèvis Napoléon nan peyi Itali pou konbat peyi Otrich.
Restorasyon endepandans peyi Lapolòy. Premye Novanm: Galisi oriantal deklare tèt li Repiblik popilè Ikrèn oksidantal, kòmansman lagè ant Lapolòy ak Ikrèn; 11 Novanm: Józef Pilsudski pran tèt pouvwa a nan Vasovi; an Desanm, kreyasyon Pati kominis la nan peyi Lapolòy. Nouvo popilasyon Polonè a genyen antou 19 milyon vrè Polonè, 7 milyon Bieloris, Ikrenyen ak Alman, epi 3 milyon jwif.
An avril, lame wouj reprann kontwòl vil Lwòw, nan dat premye dawou li rive nan vil Lublin ak Bialystok tou pa Varsovie pa lwen. Kominis yo te kreye ‘’ Komite Polonè pou liberasyon nasyonal ’’ Kapital Polonè a fè yon soulèvman kont Wehrmacht la (lame Alman), men Staline te jwenn entèdiksyon pou l’ pa pote lame Alman an sekou. Alman yo detwi vil Varsovie a 98%. Feblès Polonè yo apre batay sa a te pèmèt peyi Larisi gen menmiz sou peyi Lapolòy. 200 mil Polonè (Sivil ak Konbatan) peri nan pyèj sa a.
Eleksyon koken, eliminasyon opozisyon anti-kominis.
Adopsyon yon nouvo konstitisyon, Lapolòy tounen yon peyi ki baze sou sistèm demokratik popilè.
Enfliyans Sovyetik la gaye kò l’ nan tout aktivite k’ap fèt nan peyi Lapolòy.
Batèm milenè peyi Lapolòy.
Willy Brandt rekonèt Oder-Neisse, Wladyslaw Gomulka kite tèt pati a, Edward Gierek monte nan plas li. Grèv sou chantye naval yo nan vil Gdansk nan lane 1980.
KOR la tounen Komite Otodefans Sosyal.
Stefan Wyszyński jwenn lanmò l’.
Zak asasinay fèt nan Jerzy Popielusko.