Polonè an Ayiti se yon pwojè vwayaj melanje ak eleman touristik, istwa ak edikasyon ki jwenn sous enspirasyon l' nan istwa twoup sòlda Polonè Napoléon te voye nan peyi Dayiti nan lane 1802-1805 epi desandan sòlda sa yo k'ap viv jouk jounen jodia. Nou vizite epi dekri lye istorik ki asoye ak pasaj sòlda sa yo an Ayiti, Lafrans, Itali, Espay, ak Almay. Tèks ak onglè ki dekri lye kote sòlda yo te batay ki sou Sit la soti dirèkteman nan jounal entim kèk nan sòlda yo, nan liv istwa, nan jounal, nan achiv lame Franse epi dapre etid ki fèt. Otè yo ki ekri pwojè sa a pa pote okenn modifikasyon nan tèks orijinal yo, sepandan nou ka twouve kèk nan deskripsyon yo parèt radikal epi yo ekri nan yon langaj akayik. An plis de sa, nou ta renmen enfòme w ke tout tèm semantik yo komen epi aksepte nan peryòd travay sa a te kreye a.